organization
projects
resources for educators
forum
contact Pwof Ansanm
englishfrenchkreyol

Byenveni an(n) Ayiti

Bote ak difikile te toujou mache men nan lamen, e oken peyi nan mwatye lemonn ilistre prensip sa a kouwè Ayiti. Peyi sa a konside kòm yon ansyen koloni esklav fransè ki devlope yon lang (Kreyòl Ayisyen) ki baze l sitou sou lang fransè an. Yo konsidere lan Kreyòl kòm yon lang lirik e ki vrèman inik pami lòt lang Kreyòl yo. Relijyon santral Ayiti se Vodou. Se yon relijyon ki trè zekspresif e san parèy pami tout lòt relijyon yo dan lemonn e youn ki inik. Se yon peyi ki gen yon pèp kouraje, youn ki gen diyite ak pasyans nan istwa sivivans yo chak jou Bondye mete. An menm tan, konsidere kòm peyi ki pi pòv nan Emisfè Lwès la, ak yon to alfabetizasyon 52% moun, e 80% popilasyon an ap viv nan mizè. Enfrastrikti, edikasyon, revni, pwogram sante: chak pwoblèm an(n) Ayiti gen yon chèn lòt dèyè l. Andotretèm, selon pwovèb ayisyen an, «Dèyè mòn gen mòn».

Pwof Ansanm te fonde sou kwayans ou filozofi sa nou ta ka rele «grès kochon an kwit kochon an» e pratik pwogresis edikasyonèl se koze ki enpòtan pou Ayiti soti nan kriz nasyonal li yo. Pwof Ansanm se kolaborasyon edikatè entènasyonal ki sipòte kòlèg an(n) Ayiti pou fè premye pa a nan amelyore pratik edikasyonèl ki fè fas ak bezwen Ayiti. Sèlman atravè otonomi nasyonal ke devouman ak detèminasyon ka rive fèt; se sa ki ka fè Ayiti jwenn yon vrè endepandans ke l ap chèche depi desanzan.

Ayiti gen yon chemen long pou l pakouri. Nou envite w vin fè pati Pwof Ansanm pou sipòte pakou sa a.