Pwòf Ansanm se yon rezo edikatè ki kwè edikasyon dwe bay chak moun fòs pou amelyore lavi l ak kominote li. Pwòf Ansanm fonde an septanm 2004, kòm yon òganizasyon benevòl, ki depann sou patisipasyon volontè pou l mache. Li anrejistre nan Pènsilvani, Ozetazini, e li gen estati legal 501(c)3. Pwòf Ansanm ap lanse travay tèt ansanm ki anvizaje bezwen edikatif, epitou òganizayon Pwòf Ansanm soutni jefò pou mete kanpe asosiyasyon kominotè ki pran responsablite pou devlòpman edikatif pa yo.
Bi E Objektif
Misyon
Bi Association Pwof Ansanm la pou l pwomote inisyativ andedan Ayiti ki chita sou bezwen edikasyonèl. Asosyasyon sa a sipòte pwogram ak moun ki gen pou bi amelyore edikasyon an(n) Ayiti atravè trening pou anseyan, devlopman korikilòm, e materyèl didaktik. Atravè yon tèl pwogram. PWOF ANSANM espere, pozitivman, enfliyanse sistèm edikatif la pa:
Objektif
PWOF ANSANM vize amerlyore kalite edikasyon an(n) Ayiti kote l ofri sèvis sipò epi ankouraje echanj kominikasyon ant Ayiti e peyi devlope yo.
Pwogram nan vize:
PWOF ANSANM sipòte òganizasyon ki vize pratik anseyman modèn, ki ankouraje e respekte diyite imèn e prensip demokratik, ki pral adapte epi devlope zouti pou anseye oubyen metòd apopriye a bezwen dezi devlopman yon Ayiti modèn.
