Pwojè yo
Konferans sou fòmasyon pou pwofesè o nivo segondè
Pandan kat (4) semèn chak ete, Pwof Ansanm bay yon seri konferans sou fòmasyon pou pwofesè o nivo segondè. Fòmasyon sa yo santre sou apwòch elèv ki santre sou edikasyon avèk yon anfaz sou yon seri metòd ki la pou prepare, devlope pwogram etid, anseye responsablite sivik ak dwa timoun.Pwogram pou jwenn Sètifika nan Pedagoji pou Pwofesè, nivo Segondè
Pou patisipan estraòdinè ki konplete ak siksè Seminè Trening Pwofesè a, va gen yon pwogram twazan ki ofri nan pedagoji. Pwogram sa a pral vize plis sou pedagoji modèn ak devlopman materyèl didaktik ki an rapò ak li.
Aksè a Entènèt la pou Pwofesè
Yo ofri yo tan nan yon saybè kafe chak mwa pou chèche enfòmasyon ki an rapò avèk kou patisipan nan Seminè Trening Pwofesè a ap pran.
Kreyasyon materyèl kreyòl pou itilize nan saldeklas
Gen plizyè ti liv pou timoun ki ekri deja an kreyòl ke elèv nivo segondè Etazini e an(n) Ayiti ilistre. Yo te enprime e distribiye liv sa yo bay elèv nivo primè nan lekòl Jeremi, Ayiti.
Yon manyèl konpite pou moun ki fèk ap aprann fèk soti. Plizyè kopi ap disponib pou patisipan, sibè kafe lokal, ak bibliyotèk yo kòm liv dereferans.
